Kisa aksidan travay vle di?
Yon aksidan travay se yon aksidan ki rive yon moun nan kad travay li, li ka blese oswa andikape. Sa a ka rive nan aktivite sendika, fòmasyon pwofesyonèl oswa nan dewoulman nenpòt aktivite nan domèn travay.

Se sa yo konsidere kòm aksidan travay:

Enpòtan: Tout sak sot site yo konsidere kòm aksidan travay eksepte si moun fè eksprè li pwovoke aksidan an oubyen aksidan an pagen anyen pou l wè ak travay la.


Ki kalite travayè ki ka jwi asirans sa a?
Travayè depandan yo (avèk kontra), fonksyonè piblik, moun k ap travay ak fanmi yo, elèv ki nan staj ak travayè endepandan (moun ki gen pwòp biznis yo) yo detèmine selon lalwa ak dekrè gouvènman an.


Kisa m ta dwe fè si mwen ta sibi yon aksidan nan travay la?
Ou dwe enfòme patwon travay la poul voye w rapid nan yon sant sante ke li gen yon akò avè l. Si patwon an pa respekte obligasyon l oswa si li pa gen okenn fason pou l jwenn enfòmasyon sou aksidan an, ou dwe sèvi avèk pwòp mwayen pa w (si ou kapab) e yo ta dwe ba w swen imedyatman.


Ki kote ou gen dwa kominike yon aksidan travay?
Ou dwe kominike ak afilye konpayi an oubyen lopital ki pi pre a. Anjeneral nan konpayi yo, travay sa a koresponn ak Resous Imèn oswa Depatman Swen Sante.


Kisa k ap pase si aksidan an grav oswa li koz yon moun mouri?
Patwon an dwe rapòte enfòmasyon yo rapid nan “Inspección de Trabajo” ak nan “Ministerio Regional de Salud y Sguridad Social” (Seremi) apwopriye a . Anplis de sa, ou dwe imedyatman sispann travay la, epi si sa nesesè, evakye espas travay la.


Èske mwen ka ale nan yon sant sante ki pa gen lyen ak konpayi an?
Wi, nan ka ijans oswa lè sa nesesè akòz pwoksimite kote aksidan an fèt la.


Eske y ap konpanse m si m pèdi yon manb (si yon pye m oubyen yon men m ta koupe) ?
Si w ta blese nan youn nan manb ou yo men ou toujou ka travay, w ap resevwa yon konpansasyon. Si ou soufri yon pèt de 15% a 70% nan kapasite w , ou pral gen dwa a konpansasyon nan yon maksimòm de 15 fwa salè ou te gen avan an.


Ki kote mwen dwe ale poum resevwa konpansasyon an?
Konpayi kote wap travay la ka afilye ak yon konpayi asirans (ki dwe kouvri swen medikal ak sibvansyon finansyè) . Si l pa fè sa, se ISL(Instituto de Seguridad Laboral) kap pran sa an chaj avèk èd Sevis Sante yo. Ou ta dwe konsilte done sa yo dirèkteman nan konpayi kote wap travay la.







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.