Kisa ki asirans obligatwa pou chomaj la?
Se yon asirans ki pwoteje travayè yo (sa ki p ap travay ak tèt yo) nan moman yo vinn p ap travay. Sa a se yon benefis yo bay sou lajan sante , èd leta bay a fanmi yo, bous pou pran fòmasyon, e aksè ak sistèm nasyonal pou anplwa (kote pou w chèche travay).


Kiyès ki kapab genyen asirans sa a?
Tout travayè ki gen kontra, swa endefini oubyen ki gen dat pou l fini.

Kòman li fonksyone?
Patwon an dwe kotize chak mwa yon pousantaj nan salè travayè. Lè travayè a vin pap travay, li ka pran lajan li te genyen sou kont sa a, e si li nesesè travayè a kapab al nan “Fondo Solidario” ki fèt ak lajan patwon yo e ak Leta peyi a.


Kòman li finanse?
Si se kontra endefini, travayè ap bay 0,6 % nan lajan l ap touche a, epi patwon ap gen pou l depoze tout 2,4% nan salè travayè a, nan dènye salè sa yo bay la, 1,65 % ale sou kont travayè a e 0,8 % ki rete a ale nan “FONDO DE CESANTIA SOLIDARIO” (Fon pou chomaj solidè).
Nan ka ke kontra a ta gen yon dat fiks, pou yon konstriksyon oubyen sèvis, sèlman patwon an ki ap bay pati pa li a ki se 3 % , ladan l 2,8% ale sou kont travayè a e 0,2% ale nan “FONDO DE CESANTIA SOLIDARIO”

Kisa travayè a bezwen pou l resevwa asirans sa a?


Kòman yo peye l?
Travayè a pral gen dwa realize tranzaksyon chak mwa sou kont endividyèl li pou chomaj la nan fason salè a pèmèt li a, an akò ak pousantaj sa yo:

Mwa POUSANTAJ MWAYÈN SALÈ DÈNYE 6 A 12 MWA KI KORESPONN YO
Premye 70%
Dezyèm 55%
Twazyèm 45%
Katriyèm 40%
Senkyèm 35%
Sizyèm 30%
Setyèm oubyen plis 30%







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.