Ki dwa moun ki malad yo genyen nan sistèm sante piblik ak prive ak nan konsiltasyon prive e enstitisyonèl yo?


Ki dwa moun ki malad yo genyen nan sa ki gen pou wè ak fichye klinik la?
Fichye klinik moun ki malad la gen enfòmasyon ki sansib ki dwe rezève. Moun ki pa gen relasyon dirèk ak atansyon an oubyen moun ki malad la pa p gen aksè ak enfòmasyon sa a, eksepte moun ki mèt fichye a, yon moun ke li otorize, tribinal jistis ak fiskal Ministè piblik la (ki envestige deli) anvan yon jij bay otorizasyon.


Èske yon moun ka deside pa pran yon tretman?
Tout moun gen dwa pou pa aksepte oubyen aksepte nenpòt kalite tretman, tout tan desizyon an pa ka koz li mouri.


Eske yon moun gen dwa kesyone oubyen reklame?

Tout moun gen dwa poze kesyon e reklame nan sa k gen pou wè ak atansyon yo te resevwa a.


Mwen kapab egzije enfòmasyon sou pri sèvis y ap bay nan sante a?
Moun k ap bay sèvis sante ( pwofesyonèl endividyèl oubyen sa ki nan enstitisyon tankou lopital, klinik, dispansè, elatriye) yo dwe bay enfòmasyon sou pri sèvis yo, materyèl yo ak medikaman yo.


Ki devwa moun ki malad yo genyen?







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.