Èske yon manman ka soti nan travay la pou al bay pitit li manje?
Wi, manman k ap travay yo gen dwa pou bay pitit yo manje, menm ke pa gen kote pou yo met timoun yo nan lye kote y ap travay la. Benefis sa a se pou tout fi k ap travay ki gen timoun ki pa ko gen de (2) lane, yo kapab genyen omwen 1è de tan nan jounen travay la pou bay timoun nan manje, swa ba li tete oubyen lòt kalite manje.


Si yon fanm fini ak vakans yo ba li pou timoun li te fè a, èske li gen dwa pou bay timoun nan manje?
Wi, li gen dwa pou li bay timoun nan manje jiskaske li gen de (2) lane.


Si se lakay y ap voye zye sou timoun nan epi ba l manje, èske manman an toujou gen benefis sa a?
Wi, manman an toujou gen 1è de tan minimòm pou bay timoun nan manje. Nenpòt kote timoun nan ta ye a oubyen nenpòt moun k ap voye zye sou li a (grann, matant, kouzin, sèvant lan oubyen nenpòt lòt moun).


Èske tan ou pran nan wout pou ale kote timoun nan ye a antre nan lè ou genyen kòm pèmisyon pou al bay timoun nan manje a?
Non, tan manman an genyen an se sèlman pou bay timoun nan manje, nan ka ke manman an dwe pran machin oubyen lòt veyikil pou ale kotel prale a, yo dwe ba li tan nesesè pou vwayaj ale e retou a. Antrepriz ki gen obligasyon pou gen yon gadri anndan yo, yo dwe bay manman an tan pou transpò a e yo dwe peye transpò a.


Èske papa a ka pran pèmi sa a epi manman an pa ka pran l?
Si papa a ap travay ak tout manman an, yo kapab planifye epi yo deside pou papa a ranpli devwa a pito. Yo dwe ekri patwon yon lèt pou yo enfòme l desizyon sa a ( patwon manman an ak patwon papa a), men yo dwe fè sa 30 jou anvan yo kòmanse jwi pèmi an. Manman ak papa dwe siyen lèt e yo dwe voye yon kopi nan “Inspección de Trabajo”.

Konsa tou, si nan kèk moman papa a ak manman an deside chanje desizyon an yo dwe enfòme patwon travay yo menm fason an e menm jan an pou enspeksyon travay. Pa egzanp, si se manman an ki te gen pèmisyon an pandan premye ane a epi yo deside bay papa a jwe wòl la nan dezyèm ane a.


Ki sa k pase lè se papa a ki la pou pwoteje timoun nan?
Papa a ap jwenn pèmi an pou l ka bay timoun nan manje si timoun nan soukont li swa se yon lòd jiridik, swa paske manman an mouri oubyen manman an pa kapab egzèse dwa sa a.


Èske moun moun ki pa ni manman e ni papa timoun nan kapab gen pèmi pou jwe wòl sa a?
Si timoun nan soukont yon travayè akòz yon lòd jidisyè kòm yon mwayen pwoteksyon, li kapab jwenn pèmisyon sa a menm ke li pa ni papa ni manman timoun nan. Madanm ou mari moun ki gen timoun nan soukont li a ka gen benefis sa a tou.


Sa k pase si patwon travay la pa vle bay pèmi sa a?
Yo kapab denonse li nan “Inspección de Trabajo”.


Nan ki orè yo ka itilize pèmi sa a?
Ou dwe planifye sa avèk patwon travay la epi y ap ka fè l nan fason sa a:


  1. Nan nenpòt moman ki fè pati jounen travay la.
  2. Divize li an 3 etap.
  3. Ranvwaye li oubyen antisipe li pou 30 minit, oubyen pou 1è de tan, nan kòmansman oubyen lè jounen travay la ap fini.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.