Kisa èd ekonomik pou fanmi anplwaye a ye (Asignación Familiar )?
Se yon sibvansyon leta peye. Yon sòm lajan yo bay pou chak chaj familyal yon travayè genyen. Chaj familyal la se yon moun k ap viv sou kont yon travayè.

Kiyès ki kapab resevwa Sibvansyon sa?

Kisa ki ka koz yo chwazi moun ki sou kont ou a kòm chaj familyal pou jwenn sibvansyon sa ?

Ki kondisyon yon moun dwe ranpli pou l jwenn sibvansyon sa (Asignación Familiar) .
Travayè benefisyè a dwe ede (chaj familial) moun ki sou kont li a epi li pa dwe gen yon salè ki egal oubyen siperyè a mwatye salè minimòm nan, eksepte si moun nan resevwa pansyon oubyen lajan òfelina.

Travayè ki ansent yo gen dwa a sibvansyon sa (asignación familiar) anvan timoun nan fèt?
Wi, pou travayè ki ansent yo bay yon èd pou manman. Se yon kantite lajan ki egal ak sibvansyon sa a (asignación familial). Yo dwe bay li depi nan senkyèm (5èm) mwa ansent la, e lap pwolonje pandan tout peryòd ou ansent la jiskaske timoun nan fèt.

Ki kote yo kapab mande Sibvansyon pou fanmi an (Asignación Familiar)?

Caja de Compensación: Se yon kòporasyon prive chilyen ki gen pwòp byen ki gen objektif li se administrasyon benefis sekirite sosyal ki gen tandans pou devlopman ak byennèt travayè yo a ak gwoup fanmi li, pou pwoteje l nan pwoblèm sosyal ak ekonomik.

Mutualidades: Yon sosyete prive ki pa travay pou lajan, objektif se bay asirans lavi obligatwa ak lòt asirans pou pèsonèl yo nan lame chilyen ak fòs aeryen an, menm jan tou moun ki nan kondisyon pou pran retrèt, pansyon ak nan enstitisyon sa yo.







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.