Kisa swen pesonèl timoun yo ye?

Li vle di pran responsabilite w nan edikasyon ak levasyon pitit ou yo.

Ki moun k ap responsab swen pèsonèl timoun yo si paran yo ta separe oubyen divòse?

Selon prensip koresponsabilite a si tou de (2) paran yo vivan, se yo menm ki pou pran swen timoun yo. Menmke paran yo ta separe yo dwe toujou pran swen timoun yo, yo dwe toujou la pou timoun yo pou leve yo ak ba yo bonjan edikasyon.

Sa k fè yo dwe pataje swen pèsonèl timoun yo se yon fason pou yo divize responsablite paran yo nan levasyon ak ledikasyon timoun nan.

Èske papa ak manman an ka rive jwenn yon akò?

Si de (2) paran yo pa ansanm oubyen yo kite , yo ka chwazi fè youn nan twa (3) akò sa yo:

  1. Swa papa chwazi pran swen li sèlman.
  2. Swa manman chwazi pran swen li sèlman.
  3. Toulède (manman ak papa) chwazi pran swen li.

Akò sa a dwe siyen devan nenpòt ofisye nan Registro Civil (Rejis Sivil la). Fok akò sa etabli chak kilè ak libète papa oswa manman an ki pa responsab timoun nan genyen pou l kenbe yon relasyon dirèk e regilye ak timoun yo. Yo ka elimine oswa modifye akò a nan menm kondisyon yo.

Kisa k ap pase si paran yo pa ka antann yo?

Si pa gen okenn akò, timoun yo ap kontinye anba swen pèsonèl papa a oswa manman an oswa ak moun y ap viv la.

Jij la kapab remèt swen pèsonèl timoun nan bay youn nan paran yo. Nan okenn ka, jij la pa ka gade sou kapasite ekonomik youn nan paran yo pou l pran desizyon l ap pran an.

Ki responsablite m lè se mwen ki gen swen pèsonèl pitit mwen yo?

Responsabilite w se pran swen timoun nan, fè levasyon l ak edikasyon l. Sepandan, daprè prensip koresponsabilite a, lalwa prevwa menmsi manman timoun yo ak papa yo ta separe oubyen yo ta toujou ap viv ansanm, papa ak manman an dwe toujou patisipe nan edikasyon timoun yo e yo dwe toujou la pou timoun nan. Nan absans akò paran yo, timoun yo ap kontinye anba swen pèsonèl papa a oswa manman a. Papa a oswa manman ki gen swen pèsonèl timoun nan ap tou gen otorite sou pitit la jiskaske li granmoun tèt li oswa marye.

Ki dwa ak devwa papa a oswa manman timoun nan si se pa yo menm k ap okipe timoun nan?

Li gen dwa ak devwa kenbe yon relasyon dirèk ak regilye avèk timoun nan . Papa a oswa manman ki ap pran swen timoun nan pa dwe anpeche relasyon dirèk ak regilye ant lòt paran an ki pa gen responsabilite timoun nan.







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.