Kisa konpansasyon an ye?

Se lajan an ke patwon an dwe bay travayè a lè li mete fen nan kontra travay la, swa paske li deklare nan kontra a oswa paske kòz revokasyon an bay dwa pou konpansasyon.

Konpansasyon an pa koresponn si revokasyon an se kòz move kondwit travayè a, kòz kèk domaj nan konpayi an, kite travay la san jistifikasyon, elatriye.

Ak ki konpansasyon yon travayè gen dwa?

Konpansansyon (dedomajman) ki ranplase avi travay la.

Konpansasyon pou jou ferye chak ane oswa vakans.

Konpansasyon pa ane sèvis.

Ki konpansasyon ki ranplase avi travay la?

Se sa yo peye lè se nesesite antrepriz la ki koz yo met fen nan kontra a, epi lè patwon an pa avize travayè a 30 jou anvan. Montan an vo lajan dènye salè travayè a te touche a.

Kisa ki pèyman konpansasyon pou jou ferye nan ane a oubyen vakans la?

Sa yo peye lè travayè a pa nan travay la ankò san li pat itilize vakans li ta dwe genyen chak ane yo. Yo peye l tout jou vakans ke li pa t pran yo.

Si travayè a pa t gentan gen yon ane nan travay la, sa vle di li pa t gen dwa ak vakans, dedomajman an kalkile pwopòsyonèlman ak tan li te fè ap travay la.

Kisa ki konpansasyon pou ane sèvis la?

Se lè yo peye travayè a paske revokasyon an se pou nesesite antrepriz la. Li vo yon mwa salè chak ane sèvis epi yon peryòd ki siperyè a 6 mwa sèvis kontinyèl. Dedomajman sa a gen yon limit 11 ane.

Kisa k ap pase si travayè a revoke san konpansasyon?

Si travayè a konsidere ke revokasyon an mal fèt, li pa kòrèk e li pa jistifye, oswa pa gen okenn koz klè, li kapab jwenn yon jij travay. Ou gen 60 jou pou w fè sa depi nan lè revokasyon an.

Lè jij la deside an favè travayè a, patwon an dwe peye dedomajman an pa ane sèvis e ranplasman avi revokasyon.

Kòman yo kalkile konpansasyon yo?

Yo kalkile sou baz dènye salè a . Nan kalkil sa a yo pa mete asignasyon fanmi an, ni yon pèyman anplis si w ta travay anplis, ni gratifikasyon ak “aginaldo” (aginaldo se yon lajan travay la bay lè gen fèt).

Kisa ki finikito a?

Yon dokiman ki siyen ant travayè a ak patwon an, ki mete fen nan relasyon travay la. Nan li yo ka ekri likidasyon, dèt oswa lòt benefis ki gen pou wè ak relasyon travay la. Patwon an dwe bay finikito a nan 10 jou abil aprè revokasyon an. Sa vle di, patwon an dwe bay dokiman finikito a epi peye travayè a lajan ki koresponn nan. Men yo ka fè yon akò antre travayè a ak patwon an pou redwi lajan an.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.