Èske Lapolis ka kontwole idantite nenpòt moun?
Otorite Carabineros yo oswa Policia de Investigación (PDI) ka cheke idantite nenpòt moun ki gen plis pase 18 an ki twouve yo nan yon lye piblik oswa nan lye prive ki gen aksè piblik. Pou idantifye moun nan, yo ka mande w nenpòt pyès idantifikasyon, tankou kat idantite, lisans chofè, paspò oswa kat etidyan. Lapolis ka itilize nenpòt aparèy teknolojik nan prosesis idantifkasyon an.


Kisa k ap pase si se yon minè (moun ki poko gen 18tan)?
Lapolis pa dwe cheke idantite minè yo. Si lapolis gen dout, li gen devwa pou li konsidere ke se yon minè.


Konbyen tan kontwòl la ka dire?
Li pa ka pwolonje pou plis pase yon (1) èdtan, nan okenn ka. Lapolis dwe mete fen nan prosesis la si idantifikasyon an pa posib.


Ki sa k ap rive si moun nan refize montre idantite l oswa li ta bay yon fo idantite?
Si moun nan refize idantifye l oswa bay yon fo idantite, lapolis ka ba li sanksyon pou sa. Penalite pou enfraksyon legal sa a se yon amann ki ka koute de 1 a 4 UTM (Unidad Tributaria Mensual), men lyen pou kònvèti peso chilyen an UTM: https://www.sii.cl/valores_y_fechas/utm/utm2018.htm Lapolis ap arete moun nan an ka yo ta dekouvri ke li gen youn oswa plisyè manda arestasyon dèryè l deja.


Kisa k ap pase si lapolis yo ta maltrete moun y ap cheke idantite l la?
Se ap yon fot administratif, si lapolis ta fè abi oswa maltrete moun nan ke y ap verifye idantite l la. Li kapab yon fot penal tou nan kèk ka.


Kisa lapolis yo ka fè si yo sispèk yon moun fèk sot komèt yon krim oubyen l ap prepare pou al komèt li?
Lapolis kapab mande yon moun pou l idantifye li san lòd yon fiskal si yo konsidere "gen kèk prèv" ki ta montre yo ke li te komèt oswa eseye fè yon krim.

Yo ka mande li tou pou li bay enfòmasyon itil pou ede envestigasyon fèt sou yon krim, oswa yon deli.


Èske lapolis ka mennen moun l ap kontwole a nan pòs polis la pou idantifye l?
Non. Idantifikasyon an ap fèt kote lapolis rankontre ak moun nan. Lapolis dwe bay moun nan posibilite pou l jwenn dokiman l ap chèche a.


Kilè polis la ka arete moun l ap kontwole a?
Li ka arete moun nan si li ta dekouvri ke li gen yon manda arestasyon ki poko egzekite oswa si lapolis dekouvri li an flagran deli (Sa vle di ke li fèk komèt yon krim oswa viktim te idantifye l oswa temwen an . Si li nesesè pou kondwi li nan yon komisarya, lapolis dwe enfòme li ke li gen dwa pou li pale ak fanmi li oswa lòt moun.








Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.