Ki kote ou ka jwenn li?

Nan “Dirección de Transito” ki nan meri ki koresponn ak kote ou rete a.

Konbyen klas lisans ki genyen?

Men klasifikasyon prensipal lisans yo :
  1. Pwofesyonèl
    Klas A: genyen 5 lisans nan klas A, sa depan de si se pou kondi machin k ap transpòte moun ( taksi, bis, anbilans, ak transpò lekòl) oubyen pou machin ki ka pote chaj ki plis ke 3.500 kg.
  2. NON PWOFESYONÈL
    KLAS B: pou machin patikilye tankou oto, kamyonèt, minibis ak gwo bis.
    KLAS C: pou veyikil ki gen 2 a 3 kawouchou tankou motosiklèt ak moto ki gen 3 kawouchou.
  3. ESPESYAL
    KLAS D: pou machin otomotris tankou traktè, bouldozè ak lòt.
    KLAS E: machin pou transpòte animal.
    KLAS F: pou kondi machin nan lame peyi a, polisye ak ponpye.
  4. Lisans pwofesyonèl yo abil pou kondi veyikil patikilye klas B yo.

Kisa mwen bezwen fè pou m ka jwenn lisans pou premye fwa?

Konbyen tan pwosesis la pran?

Li varye an fonktyon nan ki meri ou ale aplike . Men an jeneral aprè ou fin bay egzamen an yo ka ba w lisans lan pandan jounen an.

Ki dire lisans la genyen?

Pakont yo ka redwi sou delè lisans la pou koz espesyal tankou itilizasyon linèt ak lòt

Koman yo ka renouvle yon lisans?

Ou dwe ale nan Dirección de Transito ki nan meri kote w rete a epi w reyalize pwosesis sa yo:

Si yo vòlè lisans mwen oubyen mwen pèdi l, kòman m ka jwenn yon lòt?

Mande yon kopi akonpanye ak dokiman ki pwouve ke yo bloke lisans nan sèvis Registro Civil, kat idantite e peye yon frè nan meri a pou jwenn yon lòt lisans.





Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.