Konbyen tan repo ou pran lèw fin fè pitit la dire (posnatal) ?
12 semèn (3 mwa) plis 12 semèn pou yon lòt pèmi parantal, avèk sa travayè a kapab gen yon pèmi ki peye pandan 24 semèn.
Nan peryòd ki rele “posnatal parantal” la, moun ki fè timoun nan kapab tounen nan travay la pou demi jounen, nan sans sa a ekstansyon an ka 18 semèn anplis (4 mwa edmi), men l ap resevwa mwatye nan kòb yo t ap peye l la.
An rezime, posnatal 12 semèn nan ka ogmante pou 12 semèn anplis, pa mwayen sa ki rele Pèmi posnatal parantal la (lè moun nan fin fè timoun) ke yo bay moun ki fè timoun nan.
Posnatal la bay dwa pou yon sibvansyon maksimòm 75,7 UF pa mwa pou travayè ki fè timoun nan (chak UF egal a 29.000 peso anviwon), montan sa a pa aplike pou moun k ap travay nan administrasyon Leta yo, paske yon gen dwa ak salè nòmal yo.
Eske se vre ke yon pati nan pèmi an ka transfere bay papa a?
Si tou de (2) paran yo se travayè, manman an ka chwazi pou transfere youn nan semèn pèmisyon yo bay papa a.
Si manman an deside pran 12 semèn an plen tan, li ka transfere yon maksimòm 6 semèn jounen konplè pou papa a.
Si manman an deside pran 18 semèn nan demi-tan, li ka transfere yon maksimòm de 12 semèn a demi jounen.
Nan tou 2 ka yo, semèn papa a itilize yo dwe nan peryòd final pèmi an.
Si papa a pral sèvi ak pèmi an, li dwe avize patwon li, anplwayè manman an ak Inspección de Trabajo omwen 10 jou davans.
Fòk ou rann kont ke pèmi 5 jou yo peye pou papa a nan moman timoun nan fèt la ap toujou konsidere.
Nan tou 2 ka yo, semèn ke papa a itilize yo dwe nan peryòd final pèmi an, e yo bay dwa ak yon sibvansyon ke yo kalkile a pati de salè nòmal la.
Paran ki se fonksyonè piblik yo gen dwa ak sibvansyon ki kalkile selon salè li a.
Nan sektè prive a, yo aplike yon limit 75,7 UF.
Kisa ki ka pase ak pwoteksyon manman an benefisye lè li fin fè timoun nan (fuero maternal)?
Li rete pou manman an pandan tout tan li ansent la e jiskaske timoun nan gen 1 an 3 mwa.
Ki sa yo di sou fanm ki gen travay tanporè yo)?
Fanm ki pa gen yon kontra travay nan moman prenatal la kòmanse a, yo gen dwa ak sibvansyon matènèl (ki pa kapab mwens ke salè minimòm nan e lap gen yon limit 75,7 UF si se nan sektè prive), tout fwa ke yo ranpli kondisyon sa yo :
Genyen 12 ou plis mwa kotizasyon peye, youn apre lòt oubyen non, etanke travayè ki p ap travay ak tèt li, nan 24 semèn imedyatman anvan gwosès la.
Gen 8 oubyen plis mwa kotizasyon peye swa kontinyèlman ou non, etanke travayè ki p ap travay a tèt ou nan dènye 24 mwa imedyatman anvan gwosès.
Ke dènye mwa kotizasyon ke w te peye a trè pwoch ak mwa ke w te ansent la e ke li te anrejistre pa yon kontra travay fiks, oubyen pa èv kontwiksyon ou sèvis.
Sibvansyon an bay pou jiska 30 semèn, depi sizyèm semèn anvan akouchman an.
Pandan 12 dènye semèn sibvansyon an, moun ki benefisye yo kapab travay san pèdi sibvansyon an.
Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.