Ki objektif fondamantal lwa kont diskriminasyon an?

Lwa sa a genyen pou objektif pran mezi jiridik kont diskriminasyon abitrè.

Ki obligasyon òganism gouvènman yo genyen nan sa?

Chak ògàn nan Leta a dwe elabore e bay politik yo an respè avèk dwa yo, ak libète fondamantal moun yo,san diskriminasyon abitrè.

Nan ki kategori yo sinyale lwa ki konstitye diskriminasyon abitrè?

Yon diskriminasyon abitrè se lè li baze sou ras, koulè, nasyonalite sitiyasyon sosyo ekonomik, lang, ideoloji, oubyen opinyon politik, relijyon oubyen kwayans, patisipasyon nan òganizasyon sendika yo, seks , oryantasyon seksyèl, diferans ant fi ak gason , eta sivil, laj, aparans pèsonèl ak maladi e andikap.

Kòman pwosesis jidisyè a ye?

Lwa a kreye aksyon jidisyè kont diskriminasyon abitrè. Moun ki afekte dirèkteman pa yon aksyon oubyen yon zak ki diskrimine abitrèman. Li kapab prezante nan entèval 90 jou. Moun ki afekte a kapab prezante l, oubyen moun ki genyen responsabilite devan jij pou pwoteje viktim nan.

Kisa tribinal la ka deside?

Tribinal la pral deklare si genyen diskriminasyon abitrè ou non e li kapab kite zak diskriminatwa a san efè. Li kapab mande pou zak sa a pa repete oubyen fè moun ki komèt diskriminasyon an fè sa l pat vle fè a.

Si te genyen diskriminasyon abitrè, tribinal la pral aplike anplis yon amann de 5 a 50 UTM dirèkteman sou moun ki reponsab yo. Santans la kapab rive devan kou dapel “la corte de aplicaciones” ki koresponn.

Eske pèn yo kapab pi grav pou kèk zak?

La lwa ajoute sa yo kòm grav reponsablite penal: komèt yon deli oubyen patisipe nan motive yon zak pou ideoloji, relijyon oubyen kwayans viktim nan, nasyonalite, ras, koulè oubyen gwoup sosyal li ye a, seks, idantite, laj, aparans pèsonèl, oryantasyon seksyèl, maladi oubyen andikap li genyen.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.