Kisa yo konsidere kòm ijans oubyen emèjans vital?

Se kondisyon sante oubyen tablo klinik ki montre gen risk pou lavi pasyan an ak konsekans grav, si li pa jwenn swen medikal rapid .

Okenn enstitisyon sante paka nye swen rapid ak ijans , ni egzije yon garanti pou bay li.

Se yon medsen chirijyen ki dwe sètifye kondisyon ijans ou emèjans vital yo. Li kapab pa egzanp, yon aksidan oubyen yon pwoblèm kadyak ki bezwen entèvansyon rapid pou sove vi moun nan oubyen pou evite ke moun nan ret kouche pou tout tan.

Kibò yo kapab resevwa moun nan?

Yo kapab resevwa moun nan nan sant ki bay swen ki pi prè kote moun ki malad la ye a, swa yon klinik oubyen lopital.

Okenn enstitisyon sante (klinik, lopital) pa ka nye pou bay swen ak yon moun ki gen yon ijans nan sante ni egzije pou bay chèk , siyen yon resi pou peye (pagare) oubyen lòt dokiman oubyen tou bay lajan likid pou garanti ke yo ap ba l swen, pou tout tan kondisyon ijans la dire a.

Eske gen plizyè mwayen pou moun nan peye?

Moun ki gen dwa ak yon prè (prestamo) legal ke li resevwa l nan ISAPRE oubyen Fonasa, selon ka a. Nan sans sa a, moun nan kapab finanse rès kob ki rete sou swen li te jwenn nan depi li antre lopital la jiskaske sante li stab.

Kòman l ap ranbouse dèt la?

Prè FONASA oubyen ISAPRE bay la kapab peye nan menm dat la chak mwa pa mòso, chak mwa lap ekspire e li pap depase 5 % nan salè moun pou peye swen li te jwenn pandan ijans la.

Li posib pou moun nan mèt fen nan dèt legal ISAPRE AK FONASA te akòde a , epi moun nan pa peye dèt la.

Eske pasyan an kapab ale nan lòt lopital (de yon lopital a yon lòt)?

Wi, li kapab ale nan yon sant sante li gen akò avèk plan li an oubyen lòt plan si tout fwa fanmi l deside, yo ka fè transfè a sèlman lè pasyan an stab . Jeneralman yo rekòmande transfè a ak yon lopital oubyen klinik ki gen akò avè l, paske aprè li kite ijans la li p ap jwenn kouvèti pou rès tretman an.

Eske moun kap bay swen an kapab revize done komèsyal pasyan an?

Yo pa kapab konsilte oken sistèm enfòmasyon komèsyal, menm ak konsantman pasyan an , nan sans pou ogmante ou redwi kòb swen ijans la.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.