Nan ki ka yo ka ogmante pèn moun ki kondane pou vyolans sa yo?

Y ap ogmante pèn yo si moun ki kondane a fè agresyon sou yon timoun ki pa ko gen 18 an, yon granmoun ki gen 60 an oubyen yon moun ki andikape. Ogmantasyon sanksyon an aplike lè viktim nan soufri, blese ki mwens grav, si yon manm enpòtan nan kò moun nan kase oswa koupe ( pye ak ponyèt). Pa egzanp , si pèn nan te 5 lane kounyea l ap rive jiska 10 lane prizon.

Èske sa ka kreye yon nouvo deli?

Wi, lalwa etabli yon krim espesifik, ki sanksyone lè w maltrete timoun ki mwens ke 18 lane, ti granmoun oubyen moun ki andikape, pèn yo pral aplike nan ka sa yo se prizon nan nenpòt nivo a ( 1-60 jou prizon). Si nan maltretans la genyen yon zak ki pi grav ke sa tankou blesi yo pral aplike pèn ki la pou aksyon ki pi grav yo.

Kisa k ap pase si viktim nan sou kont moun k ap maltrete l la?

Moun ki gen obligasyon spesyal pou l pran swen ou pwoteje viktim nan, ap sibi yon pèn ki pi elve si li maltrete viktim nan oubyen si l pa evite move tretman ke yon lòt moun komèt kont li. Pèn nan se 61 a 540 jou prizon, sof si move tretman yo genyen kòm konsekans yon krim ki pi grav.

Kisa k ap pase si viktim nan sibi yon tretman degradan oubyen ki imillyan?

Si yon timoun oubyen adolesan , yon ti granmoun oubyen yon moun ki gen yon andikap sibi yon move tretman sou sa ki gen pou wè ak diyite l moun ki fè aksyon sa a ap sanksyone avèk yon pèn prizon pou pi piti ( 61 a 540 jou).

Moun yo kondane pou krim sa yo , eske yo kapab kontinye travay ak tip de moun sa yo?

Yo etabli nouvo pèn:

Yo entèdi pou yo pa janm travay avèk timoun ki gen mwens ke 18 lane, ti granmoun ak moun ki andikape.

Yo entèdi yo travay ak moun sa yo pou yon tan, pèn sa a dire pou tout tan tribinal la fikse , de 3 pou rive nan 10 lane.

Kilè yo ka entèdi yo travay ak timoun, ti granmoun ak moun ki andikape?

Yo aplike pèn sa a ak moun ki kondane pou omisid, èd swisid (ede moun touye tèt li) blese ak maltrete timoun ti granmoun ak moun ki andikape. Premyèman y ap bay yon entèdiksyon tanporè , si yo renouvle kondanasyon an y ap bay yon entèdiksyon pou tout tan.







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.