Ki koz legal ki genyen pou mete fen nan kontra travay?

Kòman yo kominike oubyen enfòme yon moun ke kontra travay la fini?

Patwon an dwe remèt travayè yon lèt pèsonèlman oubyen yon email sètifye ki kopye enspeksyon travay la ki di koz legal ak jistifikasyon likidasyon pou fen kontra, nivo kotizasyon previzyonèl travayè a jiska dènye mwa ranvwa a akonpanye ak tout resi yo.

Si kontra a fini pou nesesite antrepriz la; yo dwe avize sa 30 jou avan ( sof si yo peye yon likidasyon ki ta ranplase avi a) e kominike konbyen lajan y ap peye kòm likidasyon pou ane sèvis yo.

Ki delè la lwa bay pou kominike oubyen enfòme yon revokasyon?

Lè koz la se nesesite antrepriz la , yo dwe kominike w sa 30 jou avan, si delè kontra a fini oubyen pou koz endisiplin , yo dwe enfòme nan 3 jou aprè koz la. Si revokasyon an vini akoz yon evènman ke yo pa t atann oubyen fòs majè , yo dwe kominike w sa nan 6 jou yo avan yo revoke w.

Ki kote mwen ka pote plent si m konsidere ke yo revoke mwen mal?

Si ou twouve revokasyon an pa jistifye , li pa byen fèt, oubyen li pa ta dwe fèt, genyen 2 posiblite pou fè reklamasyon : reklam jidisyè devan tribinal jistis ak reklam administrativ nan enspeksyon travay.