Kisa nou konprann de moun k ap travay kay moun?

Se moun ki bay jounen yo oubyen mwatye nan jounen an pou travay nan kay ak yon fanmi, swa ak yon moun ou plizyè moun , genyen ladan l tou moun k ap pran swen moun ki gen yon nesesite espesyal oubyen chofè yo tou.

Eske li nesesè pou siyen kontra ak moun kap travay kay moun?

Wi,li obligatwa pou gen yon dokiman ekri, pou kondisyon travay la ka rete klè. Li dwe gen tout enfòmasyon nesesè ladan l: tout travay li dwe fè, salè ak orè.

Eske gen yon salè minimòm pou tip de travay sa yo?

Salè minimòm moun kap travay kay moun nan dwe 100% nan revni fiks chak mwa ke la lwa di. Nan ka travayè ki tou rete domi nan kay la, kote l domi an ak manje li pa dwe enkli nan salè a. Sa vle di yo pa dwe retire sou kòb sou li pou kote l ap domi an ak manje l ap manje a.

Eske patwon a dwe peye previzyon ak asirans sante pou travayè (enpozisyon)?

Wi, se responsablite patwon an (moun ki bay travay la) pou peye kotizasyon previzyonèl yo ak yon asirans sante pou travayè a.

Eske moun k ap travay kay moun yo gen dwa ak repo, ak vakans ?

Sèvant ki pa rete domi ( oubyen ki pap viv nan kay la ), yo gen dwa pou yo jwenn repo chak dimanch yo ak jou ferye ke lalwa bay yo.

Sèvant ki rete domi yo ( tankou sila yo kap viv kay patwon an) : yo gen dwa pou jwenn repo chak semèn jou dimanch yo, ak samdi yo. Si gen yon akò ki fèt ant 2 moun sa yo (patwon a ak travayè a), li kapab anpile jou yo oubyen tou li kapab chanje yo pou lòt jou nan semèn nan. Si li anpile jou yo, yo dwe bay li yo nan menm mwa a , e jou sa yo pa ka chanje pou lajan. E yo gen dwa pou yo repoze yo nan tout jou ferye ke lalwa bay yo. Si tout fwa gen youn nan pati yo ki pa dakò, an rapò ak sa ki sot di yo, yo kapab fè yon akò ekri ke repo a fèt nan yon jou diferan ki pa kapab depase 90 jou selon jou ferye yo.

Yo genyen tou dwa ak vakans legal menm jan ak nenpòt travayè ( 15 jou abil chak ane).

Kòman nou ka mete fen ak kontra sa a?

Kontra a ka pran fen si travayè a renonse , oubyen nan akò ant 2 pati yo, oubyen revokasyon. Papye pou met fen nan kontra a dwe fèt alekri e ratifye devan “Inspección de Trabajo”(enspeksyon travay), yon notè, yon ofisye “Registro Civil” oubyen sekretè nan meri a. Si koz revokasyon an se paske sèvant la abandone travay la, manke moral oubyen manke onèt , move tretman , patwon an dwe pwouve sa.

Èske gen likidasyon pou peye lè yo met fen nan kontra?

Sèvant yo pa gen dwa ak likidasyon pou ane sèvis yo, men patwon an dwe peye chak mwa 4,11% nan salè a nan yon AFP sou fòm likidasyon pou nenpòt evènman . E nan fon sa a travayè a dwe retire kòb la. Montan likidasyon an pral koresponn ak bagay li fè nan peryòd travay la, plis garanti li te genyen ladan l yo ke yo rele rantablite. Montan sa a se patwon an ki peye l e li dwe peye yon maksimòm onz lane pou chak travayè.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.