Eske patwon an dwe peye jou lib yo lè yon travayè gen fanmi l mouri?

Yo peye jou sa yo lè se yon pitit, paran oubyen madanm ou ki mouri.

Kiyès ki gen dwa ak jou lib (pèmisyon) sa a?

Tout travayè ki gen yon pitit, paran oswa madanm oswa mari yo ki mouri, epi yo gen kontra fiks ou endefini, nenpòt tan li ta genyen nan travay la.

Konbyen jou lib yo bay nan travay la pou dèy la?

Sizanka se lanmò yon pitit oubyen madanm ou: l ap gen 7 jou san travay epi y ap peye jou yo. Sizanka se yon pitit ki mouri nan vant oubyen youn nan paran yo: l ap genyen 3 jou lib abil, jou sa yo p ap ka chanje pou lajan.

Kòman mwen ka itilize jou lib sa yo?

Li kòmanse depi jou lanmò a. Sizanka se lanmò yon timoun ki nan vant, jou lib yo ap kòmanse depi nan moman yo jwenn dokiman ki sètifye ke timoun nan mouri nan vant la.

Eske patwon ka chwazi pa bay jou lib pou dèy la oubyen pou inyon sivil la?

Non, Se yon obligasyon pou patwon bay jou li.

Kisa ki gen nan jou lib pou maryaj ak inyon sivil la?

Se 5 jou abil youn aprè lòt ke yo ajoute yo sou vakans yo. Otorizasyon sa a yo bay li san yo pa gade sou konbyen tan travayè a genyen nan travay la. Yo bay jou lib sa a si moun nan ap marye oubyen ap fè inyon sivil. Si moun nan ap siyen yon akò pou viv ansanm , yon gason ak yon fi oubyen an koup ki gen menm seks.

Kilè ou ka itilize jou lib sa a?

Travayè a ka itilize jou sa yo lè li vle, nan jou maryaj la oubyen inyon sivil la epi nan jou anvan oubyen aprè maryaj la oubyen inyon sivil la kap fèt devan « Registro Civil »

Kòman travayè a ka avize sa?

Ou bezwen avize patwon an sa 30 jou avan, e bay sètifika maryaj ke « Registro Civil » te ba w la pandan 30 jou a.

Kiyès ki kapab benefisye jou lib sa a?

Tout moun k ap travay ak yon patwon, ni sa ki ap travay nan yon lakay tou, an jeneral se tout moun ki nan yon sistèm previzyonèl.

Èske nou ka anpile (AKIMILE) jou lib sa yo?

Non, jou lib sa yo bay lè gen yon bagay ki ka pwouve tankou lanmò, nesans e yo dwe itilize lè bagay yo fèt vre. Yo paka sere pou aprè.

Kisa m ka fè si chèf travay mwen an pa ban m kèk nan jou lib sa yo?

Ou ka ale nan biwo « Inspección de Trabajo » ki pi pre w la pou denonse sa.






Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.