Kiyès ki ka bay otorizasyon pou yon timoun ki pa ko gen 18 an vwayaje poukont li?

Tou 2 paran yo, ak yon deklarasyon ki ekri e otorize devan notè.

Ki dokiman ou bezwen pou w fè demach la pou w jwenn otorizasyon sa a?

Si timoun nan a ap vwayaje ak 2 paran li yo eske li bezwen otorizasyon?

Non, y ap sèlman prezante livrè familyal la oubyen sètifika nesans kote ki gen non yo ladan li bay Policia Internacional (PDI).

Kiyès k ap bay otorizasyon pou timoun nan soti si l ap vwayaje ak youn nan paran li yo?

Paran ki p ap vwayaje a dwe siyen yon otorizasyon ki ekri devan notè. Pou soti Chili pou ale nan yon peyi etranje nan nenpòt ka a li nesesè pou prezante kat idantite timoun nan ou adolesan an oubyen paspò pou peyi ki mande l yo.

Kisa ki kapab pase si youn nan paran yo mouri deja?

Anplis de livrè familyal ou sètifika nesans timoun nan, ou dwe bay sètifika desè paran ki mouri a.

Si y ap cheche youn nan paran yo pou bay otorizasyon an yo pa ka jwenn li, kisa ki ka fèt?

Nan ka sa a , ou kapab mande otorizasyon an nan tribinal familial yo.

Si youn nan paran yo pa otorize pou timoun nan soti san rezon valab kisa lòt paran an kapab fè?

Li kapab mande otorizasyon nan men jij familial ki koresponn ak kote timoun nan rete a.

Kiyès ki ka bay otorizasyon si yo te konfye timoun nan ak youn nan paran yo oubyen yon lòt moun ki pou pran swen li?

Moun ki genyen timoun nan sou reponsabilite li a, sof si li genyen relasyon dirèk ou regilye (Dwa pou vizite) an favè papa oubyen manman , moun sa a dwe bay otorizasyon tou.

Nan ka timoun yo adopte, kiyès ki dwe bay otorizasyon an?

Paran ki adopte li yo.







Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.