Kisa vyolans entrafamilyal la ye ?
Tout move tretman ki afekte vi, oubyen entegrite fisik e mantal swa mari oubyen madanm ki sibi agresyon sa a , oubyen nenpòt relasyon santimantal 2 moun ki ap viv ansanm, oubyen paran yo ( tonton, nyès, pitit pitit , aryè gran papa) . Yo konsidere kòm vyolans fanmi tou, si kondwit sa yo pase ak paran e timoun yo, oubyen yon timoun ki gen mwens ke 18 lane , ti granmoun oubyen moun ki gen yon andikap akoz moun k ap okipe l la oubyen akoz nenpòt moun nan gwoup fanmi an.
Ki garanti lwa sa a ofri?
- Prizon pou moun ki komèt vyolans mantal ou/ak fisik la.
- Ogmante pèn prizon nan ka gen blese ki fèt nan vyolans andan fanmi an.
- Bay garanti bon jan pwoteksyon ak sila yo ki denonse abi sa yo.
- Fè moun ki komèt vyolans la kite kay la , anpeche li apwoche viktim nan kote li rete a oubyen kote lap travay ak tout lòt kote viktim nan konn ale oubyen vizite.
- Oblije li swiv yon terapi , entèdi pote nenpòt zam menm ke li ta gen otorizasyon pou l genyen l.
Ki òganism nan sistèm jidisyè a ki okipe l de vyolans ki fèt andan fanmi ?
Tribinal fanmi yo : lè aksyon vyolans la pa konstitiye yon krim.
Minister piblik (FISCALIA) : lè aksyon vyolans la konstitiye yon krim, FISCALIA ap kòmanse yon ankèt nan ka ke zak la fèt tout tan, si jij fanmi an ba li istwa yo.
Ki sanksyon k ap aplike pou sila yo ki komèt vyolans andan fanmi ?
Lalwa ap pini l ak yon amann de 0,5 a 15 UTM, pou l bay gouvènman rejyonal kote moun ki fè denons la ye, kòb sa ap pou sant ki bay atansyon ak moun ki viktim vyolans anndan fanmi ki genyen nan rejyon an, e ki swa gen finansman piblik oubyen prive.
Anplis, jij la dwe bay nan santans la youn ou plizyè nan mezi sa yo :
- Obligasyon poul kite kote l ap viv ak viktim nan
- Entèdi pou apwoche viktim nan oubyen kote li rete a , kote lap travay oubyen etidye avèk tou nenpòt lòt kote li toujou vizite . Si tou 2 moun yo ap travay oubyen etidye menm kote , y ap enfòme patwon an a oubyen direktè entitisyon an pou pran mezi nesesè .
- Entèdi pote zam oubyen konfiske l si genyen. Si gen yon enfraksyon nan kèk nan 3 mezi avan yo, li ka jwenn sanksyon penal, arestasyon jiska 15 jou .
- Obligasyon pou l prezante nan pwogram terapi oubyen oryantasyon familyal.
Ki sanksyon ki genyen pou zak maltrete abityèl yo (moun ki maltrete moun tout tan nan fanmi li) ?
Sanksyon an varye ant 61 jou a 3 lane prizon sof si se zak ki grav , nan ka sa a y ap aplike pèn ki pi grav.
Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.