Kisa ki jounen pasyèl altènativ pou etidyan k ap travay la ye ?
Se posibilite yo bay etidyan an pou li redui nan jounen travay la poul kapab detann li e konsa l ap ka travay e etidye.
Kisa ki lwa etidyan travayè a?
Se tout moun ki genyen ant 18 ak 24 lane, k ap etidye de fason regilye oubyen ki an pwosesis pou fini nan edikasyon siperyè inivèsitè, pwofesyonèl ou teknik ke leta rekonèt oubyen antite egzekisyon pwogram nivelasyon etid.
Kisa k ap pase si yon travayè pa ranpli kondisyon nan laj ak etid la?
Y ap aplike pou li nòm jeneral pou kontra travay yo. Etidyan travayè a dwe enfòme imedyatman mèt travay la sou chanjman ki genyen nan sityasyon etidyan li a.
Kòman Jounen travay la dwe ye?
Jou travay etidyan k ap travay yo ap kontinyèl. Chak pati yo ap sèlman ka negosye yonpoz pa jou, e sa pa dwe afekte dwa pou pran yon repa. Poz lan dwe an akò ak orè akademik etidyan an. Yo dwe ajoute orè etid la nan kontra travay la pou li kapab jistifye.
Ant kòmansman ak finisman jounen an li p ap kapab travay plis ke 12 èd tan, pandan y ap ajoute peryòd travay la, jounen òdinè ak ekstraòdinè, plis poz ki te negosye a. Lè efektif kew travay yo pa dwe depase 10 èd tan pa jou.
Yo konsidere aksidan laboral si yon travayè etidyan fè aksidan pandan l ap soti lekòl la pou l rive nan travay la?
Wi, Tout aksidan ki fèt nan trajektwa ale retou a, ap konsidere kòm aksidan travay.
Èske travayè etidyan yo ap gen pèmi nan travay li pou l fè egzamen?
Etidyan travayè a ap gen dwa ak yon pèmi pou li fè egzamen akademik li men li pap touche pou lè sa yo.
Si etidyan an an vakans, li kapab negosye yon jounen travay diferan?
Nan peryòd vakans akademik mèt travay la ak etidyan an kapab negosye pa ekri: kontinye jounen travay la san chanjman; sispann kontra travay la oubyen negosye yon jounen travay òdinè.
Kisa kap pase avèk etidyan travayè ki sou chaj fanmi yo?
Yo kapab chwazi:
Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.