Ki demach ki dwe fèt lè w gen yon fanmi ki mouri?
Benefisyè Pensión Básica Solidaria (Pansyon Bazik Solidè) pou granmoun ak andikape ki pa gen resous, gen dwa pou resevwa lajan sa a tou.
Kiyès y ap peye lajan sa a yo rele “Cuota Mortuaria” (vèsman mòtyè a)?
Yo peye l ak moun ki te reyalize depans antèman an. Si yo te fè kontra ak yon mòg, se li menm k ap touche l, yon fason pou l kouvri sèvis finerè a nan tout entegralite l.
Ki dat limit ki genyen pou fè fineray yon moun?
Dat limit maksimòm nan pou fè fineray yon moun se 48 èd tan. Yo kapab ogmante oubyen diminye sou li si gen ka eksepsyonèl.
Ki kote m dwe ale pou m retire yon kò?
o Si moun nan te mouri nan yon lopital: nan mòg lopital la.
o Si se vyolans ki koz li mouri (aksidan, omisid, swisid, anpwazonman ou lòt koz ki pa natirèl): Nan mòg “Servicio Médico Legal” (Sèvis Medsen Legal) ki pi prè a.
Ki dokiman ki dwe prezante pou retire kò a?
Si moun ki te mouri an te:
Anplis, ou ka ale avèk kat idantite moun ki ap fè demach la.
Kiyès ki otorize pou transpòte defen an?
Fonksyonè simetyè yo. Mezon finerè yo kapab fè li, sèlman si yo gen otorizasyon “Autoridad Sanitaria” (Otorite Sanitè) (Règleman Simetyè yo).
Ki kote kadav la kapab antere?
Sèlman nan simetyè ki legalman otorize.
¿Kisa w kapab fè si w vle transpòte moun ki mouri a nan yon lòt vil oswa nan yon lòt peyi?
Pou transpòte kadav la nan yon vil a yon lòt ou dwe gen otorizasyon “Seremi Salud” nan zòn kote moun nan mouri a ak otorite sanitè yo.
Pou transpòte kadav la sòti nan yon peyi a yon lòt:
Enfòmasyon ki nan dokiman sa a se yon materyèl referans pou fè w konprann lwa yo. Men, se pa lalwa, ni se pa yon agiman jiridik legal ke yon avoka kapab itilize.